Printer Friendly

Kesyon ak Repons: Demann pou Egzansyon Frè Moun kap Aplike pou Estati Tanporè Pwoteje

Enfòmasyon Jeneral
Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Ozetazini (USCIS) resevwa fon (lajan) l yo apatide frè demann ak aplikasyon yo. Lè yo egzante yon frè pou kèk moun, sa lakòz yo vin chaje lòt moun kap aplike ak lòt demandè yo pri pou tretman aplikasyon ak demann yo; e leplisouvan sa vin fè yo ogmante frè yo pou tout moun. Sepandan, nou rekonèt gen kèk moun ki ka paka peye frè anrejistreman ak frè byometrik yo. Si w ta renmen pou nou konsidere egzante frè pou aplikasyon w lan, tanpri, suiv enstriksyon yo bay yo osijè demann pou yon egzansyon frè, nan http://www.uscis.gov/feewaiver epitou suiv enstriksyon ki nan Kesyon ak Repons sa a. Lè w fè yon demann pou yon egzansyon frè, se pou w pwouve klèman ou pa ka peye frè aplikasyon ak frè byometrik yo ki konsène ka w la.

Kesyon ak Repons

K. Ki frè USCIS ka egzante, si mwen mande l?

R. Si w paka peye, ou ka mande pou yon egzansyon frè pou frè suivan yo:

  • Aplikasyon pou Estati Tanporè Pwoteje (Fòmilè I-821);
  • Aplikasyon pou Otorizasyon Travay (Fòmilè I-765);
  • Aplikasyon pou Egzansyon poutèt Inadmisibilite (Fòmilè I-601); ak
  • Frè byometrik la.

Frè Aplikasyon pou Dokiman pou Vwayaje a (Fòmilè I-131), se yon frè yo pa ka egzante.

K. Kouman pou m aplike pou yon demann pou egzansyon frè?
R. Pou w aplike pou yon egzansyon frè, ou dwe soumèt yon deklarasyon ekri, ke w fè sou sèman, sou afimasyon oswa ke w fè selon sekyon 28 U.S.C. 1746 e ki gen deklarasyon sa a ladan l:  « Mwen deklare sou penn fo temwayaj ke enfòmasyon ki nan deklarasyon sila a se laverite e li kòrèk, » deklarasyon an dwe endike demann pou yon egzansyon frè (yo) e se pou l bay rezon ki fè ou pa ka peye frè anrejistreman (yo). Se pou w enkli deklarasyon sa a nan demann wap fè a osnon yap refize demann nan. Asire w ou deklare ki frè anpatikilye wap mande pou yo egzante nan afidavi w la.

Se pou w soumèt deklarasyon siyen an ak nenpòt lòt dokiman ki sipòte demann ou an, ansanm avèk aplikasyon pou benefis ou a(yo).

Se pou demann pou egzansyon frè wap fè a esplike pou ki rezon ou pa ka peye frè yo epitou se pou w ajoute avèk li:

  • Nenpòt prèv ki montre wap resevwa benefis piblik yo evalye onivo federal oswa onivo leta baze sou mwayen w (pa egzanp, Medicaid, benefis manje ak nitrisyon (pwogram SNAP), asistans nan lojman, elatriye),*
  • Revni anvan taks ou resevwa pa mwa ki soti tout kote pou chak nan twa mwa anvan ou te voye demann pou egzansyon frè a,
  • Yon lis tout byen oumenm oswa depandan w yo genyen, posede oswa kontwole,
  • Depans esansyèl ke w fè chak mwa, se pou ajoute tou nenpòt depans ekstrawòdinè (pa egzanp, bòdwo medikal), pou chak nan twa mwa anvan w te soumèt demann pou egzansyon frè a,
  • Yon lis depandan w yo Ozetazini, adrès yo ak ki sa yo ye pou ou, ak nenpòt lòt revni depandan w yo reyalize oswa resevwa,
  • Nenpòt prèv ki montre konsiderasyon imanitè (pa egzanp, andikap, laj, sanzabri, chomaj),* ak
  • Nenpòt lòt enfòmasyon ou panse ki sipòte enkapasite w pou peye frè ou ta renmen yo egzante yo.

*Byenke atik ki gen ti asteriks yo bò kote yo pa obligatwa, si w soumèt jande prèv sa yo sa pral fè demann ou a gen plis pwa lè yap detèmine kalifikasyon w pou yon egzansyon frè.


K. Kouman USCIS pral fè pou l detèmine si mwen kalifye pou yon egzansyon frè?
R. Nou pral detèmine ou kalifye si w ka demontre ke gen plis chans ke revni anvan taks ou pou peryòd twa mwa anvan w soumèt demann ou an pou egzansyon frè a te egal a oswa mwenske depans esansyèl ou yo (pa egzanp, depans rezonab pou lwaye, sèvis piblik, depans medikal, swen timoun) pandan menm peryòd sa a e ke w pa genyen, ou pa posede oswa ou pa kontwole BYEN ki sifizan pou peye pou frè a san ke w sa pap ba w plis pwoblèm finansye. 

Nou pral revwa demann pou egzansyon frè w la dapre 5 etap suivan yo:

Etap 1. Èske wap resevwa yon benefis yo evalye onivo federal baze sou mwayen? Si repons lan se wi, e ou montre ase evidans sou sa, nap apwouve demann pou egzansyon frè w la nòmalman.

Etap 2.  Èske revni ki rantre nan kay la sou twa mwa anvan w te soumèt demann pou egzansyon frè a, mwens pase Direktiv Federal sou Pòvrete a? 

Etap 3.  Èske depans esansyèl ou yo pandan twa mwa anvan w te soumèt demann pou egzansyon frè a te egal a oswa depase revni w anvan taks pandan peryòd sa a?

Etap 4.  Èske w gen yon konsiderasyon imanitè (pa egzanp, andikap, laj, elatriye) oswa èske ou nan yon sitiyasyon ekonomik ekstrawòdinè (pa egzanp, chomaj ki resan) ke w kwè ki gen yon enpak finansyè negatif ase pou fè w kalifye pou egzansyon frè a? Si repons lan se wi, ou dwe soumèt ase evidans pou sipòte demann wap fè a. 

Etap 5. Èske w gen nenpòt lòt rezon ak evidans ki pou pwouve enkapasite w pou peye frè (yo)? Si repons lan se wi, ou dwe soumèt prèv la epi esplike nan ki sans sa fè w pa ka peye frè a.

USCIS pral itilize pwosesis ki anlè a, etap pa etap, pou revwa sitiyasyon w lan okonplè defason pou detèmine si pou yo akòde w yon egzansyon frè ki pral baze sou si w gen ase byen pou peye frè a san ke sa pa mete w nan gwo difikilte finansyè.

K. Kisa yon benefis yo evalye onivo federal baze sou mwayen ye e ki enpak li genyen sou kalifikasyon m pou m resevwa yon egzansyon frè?
R. Yon benefis yo evalye onivo federal baze sou mwayen se nenpòt benefis gouvènman Federal finanse konplètman oswa anpati e ki egzije pou w montre « mwayen » w yo (pa egzanp, revni w, byen w, ak resous ki gen rapò ak yo) kòm yon pati nan kondisyon kalifikasyon w pou benefis la. Ajans federal kap administre lajan an detèmine si benefis la se yon benefis piblik yo evalye onivo federal baze sou mwayen, dapre Lwa 1996 la sou Responsabilite Pèsonèl ak Rekonsilyasyon Opòtinite Travay (Personal Responsibility and Work Reconciliation Act of 1996), Lwa Piblik 104-193.

Plizyè benefis yo evalye onivo federal baze sou mwayen, se leta, se konte a ak ajans sèvis sosyal vil la ki administre yo.Tout benefis yo, kit se ajans federal oswa ajans gouvènman lokal ki bay yo, gen menm pwa a nan konsiderasyon yo pral fè sou demann pou egzansyon frè w la.

Pami egzanp sou benefis yo evalye onivo federal baze sou mwayen, genyen benefis Pwogram Asistans pou Nitrisyon Siplemantè (Supplemental Nutrition Assistance Program: SNAP) (yo te rele l anvan « Koupon pou Achte Manje »), Medicaid, Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income: SSI), ak Asistans Tanporè pou Fanmi ki nan Bezwen (Temporary Assistance to Needy Families: TANF).  
 
Se pou w soumèt evidans ki pwouve wap resevwa benefis sa yo si w ta renmen pou USCIS konsidere ke w te deja pwouve bay yon lòt ajans ke ou touche ti revni e ou gen resous ki limite, lè USCIS ap detèmine kalifikasyon w pou yon egzansyon frè. Prèv sa a dwe yon kopi yon lèt oswa lòt dokiman ki ekri sou papye a antèt oswa ki gen logo ajans kap akòde benefis la, epitou se pou lèt la oswa dokiman yo gen non moun kap resevwa benefis la  ladan l e se pou l endike ke wap resevwa benefis la aktyèlman.

K. E si gen yon lòt moun nan fanmi mwen kap resevwa benefis yo evalye onivo federal baze sou mwayen?
R. Se pou moun kap aplike pou egzansyon frè a se menm moun kap resevwa benefis yo evalye onivo federal baze sou mwayen an.

Men sèl eksepsyon ki genyen:

1. Si yon moun kap aplike pou egzansyon ap resevwa benefis yo evalye onivo federal baze sou mwayen, alèkile mari oswa madanm ki depandan e ki abite nan menm kay avèk moun kap aplike a, ap kalifye tou pou yon egzansyon frè, amwenske mari oswa madanm nan genyen, posede oswa kontwole byen ki sifizan pou peye frè a san ke sa koze l gwo difikilte finansyè; e
2. Si yon paran ap resevwa benefis yo evalye onivo federal baze sou mwayen, alèkile pitit li yo ki pa marye e ki gen mwenske 18 lane kap abite avèk moun kap aplike a ap kalifye tou pou yon egzansyon frè.

Sepandan, sitiyasyon envès la pa aplike. Pa egzanp, si yon timoun oswa yon pitit pitit ap resevwa benefis yo evalye onivo federal baze sou mwayen, sa pa vle di paran yo oswa lòt manm nan fanmi an ap kalifye otomatikman pou yon egzansyon frè. Menm jan an tou, si yon paran ap resevwa SSI, pitit li yo ki se granmoun pa kalifye otomatikman pou yon egzansyon frè, poutèt sa.

K. Si mwen pap resevwa yon benefis yo evalye onivo federal baze sou mwayen, kouman nou pral detèmine kalifikasyon mwen pou yon egzansyon frè?
R. Si w pap resevwa yon benefis yo evalye onivo federal baze sou mwayen, nou pral konsidere lòt faktè, tankou nivo revni tout moun ki nan kay ou epi nou pral konpare l avèk Direktiv Federal sou Pòvrete a. Anplisdesa, nou pral konsidere byen, faktè imanitè, ak tout evidans ou soumèt yo konsènan enkapasite w pou peye, defason pou nou sa detèmine si demann ou a merite nou akòde w yon egzansyon frè baze sou diskresyon nou.

K. Kouman ou pral itilize enfòmasyon sou revni tout moun nan kay la pou detèmine si mwen kalifye pou yon egzansyon frè?
R. Nou pral konpare revni tout moun nan kay la avèk « Direktiv Federal sou Pòvrete yo ». Nou itilize Direktiv Federal sou Pòvrete a, jan Sekretè Sèvis Sante ak Imen (Secretary of Health and Human Services) tabli l la.

Si revni tout moun ki nan kay la plis pase Direktiv Federal sou Pòvrete a, lè sa a, gen plis chans ke w pap kalifye pou yon egzansyon frè. Sepandan, menm si revni tout moun ki nan kay la depase Direktiv Federal sou Pòvrete a, si w gen yon konsiderasyon imanitè oswa si w nan yon sitiyasyon ekonomik ekstrawòdinè, tankou si w gen bòdwo medikal oswa ou nan chomaj, lè sa a USCIS pral konsidere sa nan evalyasyon jeneral lap fè a sou enkapasite w pou peye frè yo. Gade lòt K&R ki pi ba yo.

K.   Ki evidans pou m bay konsènan revni tout moun ki nan kay la?
R.   Anplisde deklarasyon ekri w la, nap ankouraje w anpil pou w soumèt dokiman kòm prèv pou revni tout moun ki nan kay la e ki sipoze gen ladan l tout fòm revni, menm revni nenpòt depandan ki Ozetazini resevwa oswa reyalize, avèk asistans finansyè. Pami evidans sa yo ou ka soumèt:

  • Si w genyen l, yon kopi deklarasyon taks federal ou pou dènye ane fiskal la; oswa
  • Si w pat ranpli yon deklarasyon taks federal, soumèt lòt kalite evidans ki ka enkli souch chèk pewòl, kontra travay, deklarasyon patwon w(yo) fè sou pwòp papye a antèt biznis li (yo) e ki montre salè oswa apwentmen yo peye w pandan 3 dènye mwa ki sot pase yo; oswa
  • Rapò ofisyèl sou deklarasyon revni ak fòmilè W-2. Ou ka jwenn dokiman sa yo gratis nan Sèvis Enpo Etazini (Internal Revenue Service: IRS); pou w jwenn yo se pou w ranpli yon Demann IRS pou Rapò Deklarasyon Taks (Transcript of Tax Return) (Fòmilè 4506T).

K. Kimoun pou m ajoute lè map detèmine kantite moun ki nan kay la?
R. Se pou w ajoute:
Tèt ou;
Mari oswa madanm ou;

  • Manm fanmi sa yo:
    • Pitit ou yo oswa timoun ki sou titèl ou, ki pa marye, ki gen mwenske 21 lane, e kap viv avèk ou;
    • Pitit ou yo oswa timoun ki sou titèl ou, ki pa marye, ki gen mwenske 23 lane, ki se etidyan a tan plen, e kap viv avèk ou lè yo pa lekòl;
    • Pitit ou yo, oswa timoun ki sou titèl ou, ki pa marye, e ke w se gadyen legal yo paske yo gen yon andikap fizik oswa mantal ki anpeche yo okipe tèt yo e ki anpeche yo etabli, mentni oswa re-etabli pwòp kay yo;
      Paran w, si:
      • Ou pa marye, ou gen mwenske 23 lane, ou se yon etidyan a tan plen, e wap viv avèk paran w yo lè w pa lekòl; oswa
      • Yo retrete e yap viv avèk ou.

K. Èske w pral ajoute revni yon moun ki abite avèk mwen si moun sa a pa pami tout moun ki abite nan kay la, pou rezon taks?
R. Si gen yon moun ki abite avèk ou men ou pa deklare moun sa a kòm moun ki pami tout moun ki nan kay ou, pou rezon taks, nou pap konsidere revni moun sa a lè nap detèmine revni tout moun ki nan kay la.Ou pa bezwen bay enfòmasyon sou revni moun sa a.

K. Si mwen separe, èske se pou m konte mari m oswa madanm mwen, ak pitit mwen yo kap viv avèk mari oswa madanm mwen?
R. Si w separe legalman, ou pa bezwen ajoute mari oswa madanm ou lè wap kalkile kantite moun ki nan fanmi w; epitou ou pa bezwen ajoute enfòmasyon sou revni mari w oswa madanm ou. Sepandan, asire w ke ou enkli nan revni tout moun nan kay la, nenpòt sipò ke mari w oswa madanm ou legalman oblije bay nan kay la jouk kounye a, dapre yon lòd tribinal oswa dapre lwa leta.

Si w separe legalman men w kontinye ap viv ansanm, se pou w ajoute enfòmasyon sou revni mari w oswa madanm ou avèk demann pou egzansyon frè a.

Si w pa separe legalman, menmsi w pap viv ansanm, ou dwe ajoute enfòmasyon sou revni mari w oswa madanm ou lè wap fè demann pou egzansyon frè a.

Se pou w ajoute evidans ki pwouve separasyon legal la, avèk demann pou egzansyon frè a. Li ka yon kopi lòd tribinal la oswa yon lèt avoka kap jere ka a ekri.

K. Si map aplike pou benefis imigrasyon selon pwovizyon Lwa sou Vyolans kont Fanm (Violence Against Women), èske se pou m soumèt enfòmasyon finansyè sou mari/madanm mwen?
R. Moun kap aplike pou benefis imigrasyon selon pwovizyon Lwa sou Vyolans kont Fanm (Violence Against Women Act: VAWA), kèlkeswa eta sivil aktyèl yo, dwe soumèt enfòmasyon finansyè sou mari/madanm yo sèlman si enfòmasyon sa a disponib. Sizoka ou pa ka jwenn enfòmasyon sa a, tanpri bay yon esplikasyon tou kout ki dekri sikonstans yo. 

K. Kouman nou pral konsidere depans mwen yo lè nap detèmine kalifikasyon m pou yon egzansyon frè?
R. Depans esansyèl pou rezon sa a limite a depans rezonab pou:  waye, manje, sèvis piblik, depans medikal, frè transpò, rad, ak lesiv. Frè pou Estati Tanporè Pwoteje (TPS) yo konsidere kòm depans esansyèl tou.

K. Kouman nou pral konsidere byen m yo ak/oswa byen depandan m yo lè nap detèmine kalifikasyon m pou yon egzansyon frè?
R. Anplisde evidans ou pral soumèt sou depans esansyèl ou yo ki egal a oswa ki depase revni w anvan taks pou twa dènye mwa ki sot pase yo, wap gen pou w soumèt tou enfòmasyon sou byen w yo (menm pa depandan w yo) ak valè yo.

Men sa nou konsidere kòm byen: imobilye, pwopriyete, lajan kach, kont kouran, ak kont depay, aksyon, bon, peman anyèl (esepte pou plan pansyon ak Kont Retrèt Endividyèl (IRA yo)).

Si nou detèmine ou ka peye frè yo nan byen w yo san pou sa pa ba w pwoblèm, nap refize demann wap fè a pou egzansyon frè a. Pa egzanp, si w gen $20.000 labank e ou gen de (2) machin, nan ka sa a, nap detèmine ke moun kap aplike a ka peye.
 
K. E si mwen kwè mwen kalifye pou yon egzansyon frè poutèt konsiderasyon imanitè oswa poutèt yon sitiyasyon ekonomik ekstrawòdinè ki resan?
R. Depi depans esansyèl ou yo sou peryòd twa mwan anvan w te soumèt demann pou egzansyon frè a, pat egal a oswa depase revni w pandan peryòd sa a, nou ka konsidere bagay suivan yo lè nap detèmine kalifikasyon w pou yon egzansyon frè:

  • Si laj ou pral gen yon enpak sou abilite w pou reyalize yon revni alavni;
  • Nenpòt andikap ki ka anpeche w reyalize yon revni alavni; ak
  • Prèv ke w fèk  nan chomaj.

Se pou tout andikap (fizik ak emosyonèl) dokimante nan yon lèt yon pwofesyonèl medikal ekri e se pou lèt sa a endike ki jande andikap ou genyen e se pou l esplike tou ke andikap sa a anpeche oswa bloke sevèman abilite w pou reyalize yon revni.

K. E si map aplike onon yon jenn imigran espesyal (SIJ)?
R. Jenn ki sou gad gouvènman leta oswa lokal gen chans pou yo kalifye pou yon egzansyon frè. Gadyen legal la, gadyen legal tribinal la deziyen an, oswa ranplasan tribinal la deziyen an dwe siyen demann pou egzansyon frè a e se pou yo soumèt youn nan kalite prèv ki liste pi ba a:

  • Prèv ke SIJ a ap resevwa benefis yo evalye onivo federal baze sou mwayen.
  • Souch chèk pewòl oswa etadkont labak ki endike revni SIJ a pi ba pase direktiv federal sou pòvrete a.
  • Lòd tribinal jivenil ki resan e ki etabli deziyasyon depandans oswa titèl (pandan 6 dènye mwa ki sot pase yo) SIJ a.
  • Yon lèt yon mezon akèy familyal oswa yon ajans akèy kap okipe plasman SIJ a ekri e ki esplike enkapasite SIJ a pou l peye.
  • Fòmilè I-797 Avi Otorizasyon pou yon Fòmilè I-360 yo te soumèt pou SIJ a.

Nenpòt pami jande dokiman sa yo va satisfè kondisyon prèv pou sipòte enkapasite SIJ a pou l peye.

K. Kimoun ki ka mande pou yon egzansyon frè?
R. Nenpòt moun ki gen 18 lane oswa ki pi gran e ki vle mande pou yon egzansyon frè pou pwòp aplikasyon li.

Nenpòt moun ki gen 18 lane oswa ki pi gran ka mande pou yon egzansyon frè pou:

1. Pitit li ki pa marye e ki gen mwenske 18 lane;
2. Pitit gason ak pitit fi ki pa marye e ki sou responsabilite legal li toutotan yo pa ka okipe tèt yo kòmsadwa; ak
3. Moun ki sou titèl legal e ki satisfè youn nan definisyon ki anlè yo.

K. Kimoun ki pou siyen demann pou egzansyon frè a?
A. Si w gen omwen 14 lane, ou ka siyen l poukont ou.

Si w gen mwenske 14 lane, oswa si w gen ant 14 lane ak 18 lane, men ou pa ka siyen poukont ou, paran w oswa gadyen legal tribinal la deziyen pou ou a, komite oswa ranplasan tribinal la deziyen an ka siyen demann nan pou ou.

Yon gadyen legal, yon gadyen legal tribinal la deziyen pou ou, yon komite oswa yon ranplasan tribinal la deziyen, ka siyen demann pou egzansyon frè a tou, si w gen 18 lane oswa w pi gran men tribinal la deziyen yon responsab legal, yon moun kòm gadyen, yon komite oswa yon ranplasan pou ou paske w pa kapab regle pwòp afè w. 

K. Si moun kap aplike a se yon minè e li sou titèl leta, kimoun ki pou ranpli ak siyen demann pou egzansyon frè a?
R. Se responsab legal la, gadyen tribinal la deziyen an, komite a oswa ranplasan tribinal la deziyen an ki pou siyen demann pou egzansyon frè a. Se pou demann pou egzansyon frè a gen ladan l yon kopi lòd tribinal la ki nonmen moun kap siyen demann nan kòm responsab legal, gadyen legal tribinal la deziyen an, komite oswa ranplasan.

K. Gen sèten enstriksyon sou fòmilè ki mansyone frè anrejistreman ak frè byometrik.Èske yo ka egzante toulède frè sa yo? Èske se pou m ranpli demann pou egzansyon frè yo apa?
R. Ou pa oblije ranpli yon demann pou egzansyon frè apa, pou frè anrejistreman ak frè byometrik.
Si nou apwouve demann pou egzansyon frè ke w fè a, nou pral egzante toude frè yo, frè anrejistreman an ak frè byometrik yo.

K. Èske se pou dokiman m yo tradui nan lang angle?
R. Si nenpòt dokiman ou soumèt avèk aplikasyon w lan pa ekri nan lang angle, ou dwe soumèt ni dokiman an (ki nan lòt lang lan) ni yon tradiksyon annantye e konplè de dokiman an nan lang angle.

Moun ki tradui dokiman an nan lang angle fèt pou l sètifye ke li konpetan pou l tradui de lòt lang lan a lang angle, e se pou l sètifye tou ke tradiksyon an se yon tradiksyon annantye, konplè e egzak de dokiman an. 

Se pou tradiktè a ajoute non l, siyati l, adrès konplè l, nimewo telefòn li, adrès imèl li, ak nenpòt lisans li genyen nan domèn nan oswa nimewo anrejistreman l.

K. E si mwen gen kesyon?
R. Si w gen kesyon, ale sou sit entènèt nou an (http://www.uscis.gov ) oswa rele sèvis kliyan an nan Sant Sèvis Kliyan Nasyonal la (NCSC): 1-800-375-5283 oswa 1-800-767-1833 (pou moun ki soud, TDD).



Last updated:02/05/2010