Printer Friendly

USCIS vle Avèti nou de tout Magouy ki ka Fèt lè Ayisyen ap Aplike pou
FÈY ENFOMASYON

USCIS vle Avèti nou de tout Magouy ki ka Fèt lè Ayisyen ap Aplike pou
                                                Pwoteksyon Estati Tanporè

USCIS vle avèti nou de tout magouy ki ka fèt lè Ayisyen ap Aplike pou pwoteksyon estati tanporè. USCIS gen on wèbsayt ki la disponib pou repon a tout kesyon sou Ayiti nan www.uscis.gov/haitianearthquake.

Reprezantasyon 
Ou pa oblije genyen on avoka ni on reprezantan pou’w aplike pou pwoteksyon estati tanporè. Men, si ou vle pran on reprezantan lè w’ap ranpli aplikasyon an ou byen demand lan ak USCIS, ou gen dwa gen on avoka ou byen on reprezantan  depi ke yo rekonèt òganizasyon li an. Reprezantan’w lan  dwe ranpli fòm  G-28 ki vle di ke se li k’ap reprezante’w pou aplikasyon TPS lan. Souple, ale lan paj “Finding Legal Advice” nan wèbsayt USCIS pou nou jwenn plis enfòmasyon sou sijè sā.

Gen on lis avoka/reprezantan ki bay sèvis gratis ou byen pou on ti kal kòb ansanm ak lis reprezantan ke BIA rekonèt lan ki disponib nan wèbsayt ke nou mansyone anvan an.

Fòm ak Frè USCIS yo
Tout fòm USCIS yo gratis; ou ka jwenn yo nan www.uscis.gov/forms ou byen rele nan liy espesyal pou fòm ke USCIS ouvri pou ka ede moun nan telefòn, nan nimewo (800)870-3676. Ou pa ka voye aplikasyon pou pwoteksyon estati tanporè a pa entènèt. Frè pou voye ansanm ak Fòm I-821, aplikasyon pou pwoteksyon estati tanporè an se $50. Frè pou biometri an se $80. Frè pou’ w voye ansanm ak fòm I-765 lan ki se aplikasyon pou pèmi travay lan, se $340. Si ou pa ka peye frè sa yo, gen on papye ki disponib ke ou ka ranpli pou ‘w montre ke ou pa ka reponn ak frè sā.

Kèk Konsèy ki ka Ede’w
Konsèy sa yo pwa’l anpeche’w tonbe viktim nan magouy ki ka fèt nan zafè imigrasyon:

  • PA siyen oken papye blan ou byen oken pyès ke ou pa konprann
  • PA siyen oken pyès ki gen enfomasyon ki fo ou byen ki pa kòrèk
  • PA kite pèsòn kenbe pyès original ou
  • PA peye plis ke on ti kraze kòb a on moun ki pa on avoka ni pa voye kòb pa entènèt
  • FÈ fotocopi tout pyès yo te prepare ou  byen yo te voye pou ou
    • MANDE on resi chak fwa ke ou peye on moun pou ede’w ranpli ou byen voye fòm yo ale.
  • VERIFYE ke avoka nou an gen dwa pou’l pratike ou byen reprezantan nou an, BIA
     rekonèt li
                                                           
    Si ou bezwen plis enfòmasyon sou ki jan pou’w pa tonbe viktim nan magouy lan zafè imigrasyon, ou byen ki jan pou verifye si on avoka gen dwa pou’l pratike ou byen si BIA rekonèt reprezantan an, souple ale nan ”Don’t be a Victim of Immigration Fraud” ak “Finding  Legal Advice” ki nan www.uscis.gov/haitianearthquake.