Printer Friendly

Ki jan pou pran on Randevou pou on Triyaj pou Òfelen nan Anbasad Ameriken nan Pòtoprens
FÈY ENFOMASYON

                                    
Entwodiksyon

Pou li reponn a tranblemanntè ki te fèt 10 janvye 2010 lan, Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon (USCIS) a pe mete anpil aktivite nan triyaj ti moun ayisyen yo pou wè si yo ta kalifye pou on pwogram imanitè kondisyonèl, si yo tonbe nan youn nan de kategori espesyal ke secretè Depatman Sekirite Nasyonal Napolitano te otorize 18 janvye 2010.Kategori espesyalize sā se sèlman pou ti moun ayisyen ke fanmi ameriken te adopte oubyen ta pwal adopte avan 12 janvye. Si ou bezwen plis enfòmasyon sou baz kalifikasyon pou tou de kategori yo, silvouplè gade lan Enfòmasyon pou sitwayen ameriken ki pwal adopte on ti moun ki an Ayiti (Information for U.S. Citizens in the process of adopting a child from Haiti) www.uscis.gov; epi tou yo rezime li nan tablo ki anba la.

Kategori  

Ki sa ou bezwen pou’w ka kalifye

Ti moun ki kalifye  pou adopsyon ant peyi ak peyi, ke Ameriken yo  pwal adopte, epi ke lalwa ak gouvènman ayisyen(GOH) rekonèt kòm òfelen, swa pa on  dekrè oubyen on dwa adopsyon key yo akòde   

Ou dwe gen younn nan prèv adopsyon sā yo disponib:

  • Tout ak denyè dekrè adopsyon ayisyen
  • Pèmisyon pou adopsyon ak emigrasyon ke GOH bay fiti paran yo 
  • Nenpòt lòt prèv kankou on dekrè ki baw responsablite ti moun w’ap adopte a

Ou dwe gen youn nan prèv konvnab sā yo:

  • Fòm I-600A ki aprouve
  • Anprent  resan ak ankèt FBI pou wè si gen on dosye kriminel
  • Fizikman gen chaj ti moun an Ayiti an plis ankèt pou yo wè si ou gen on pase kriminel  

Ti moun ke on Sèvis Adopsyon
te deja idantifye (ASP) oubyen
on moun ki ap fasilite adopsyon
ant peyi ak peyi epi ki kadre ti moun ak fiti paran adoptif  ameriken

  Prèv ke gen on relasyon ant fiti paran adoptif yo ak ti moun an epi prèv ke paran yo gen entansyon finn fè adopsyon an. Kòm Prèv ke ou ka bay:

  • Prèv ke fiti paran adoptif sa yo konn vinn wè ti moun nan an Ayiti
  • Fotos ti moun nan ansanm ak fiti paran adoptif li
  • Lèt “rekòmandasyon” ASP ke fiti paran adoptif yo siyen
  • Pyès kòm prèv ke fiti paran adoptif yo te kòmanse afè adopsyon an avan 12 janvye 2010 ak entansyon pou yo te adopte ti moun nan (ranpli Fòm I-600A ak/oubyen Fòm I-600, tcheke  kay la net, jwenn on ASP ke yo ka travay ak li an Ayiti, elatriye)

Prèv ke ti moun nan disponib pou adopsyon. Kòm prèv ke’w ka bay:

  • Konsantman IBESR (Konsantman Otorite Ayisyen pou Adopsyon)
  • Lalaw remèt oubyen akòde Òfelina ayisyen tout dwa
  • (Lòt prèv sou bagay ke nou fèk pale yo, kankou, lèt pa òdinatè, kopi, lèt ASP)

Prèv ki konvnab yo dwe gen younn nan bagay sā yo:

  • Fòm I-600A ki aprouve OUBYEN
  • Anprent resan FBI yo ak ankèt pou yo wè si ou gen on pase kriminel 

 

Si ou gen ti moun ki kalifye pou pwogram sā, souple swiv enstriksyon ki ekri anba-a ki ap montre ki jan pou pran on randevou pou triyaj pou on òfelen.

Paran adoptif ki Òzetazini

Nou ankouraje ou pou’w travay ansanm ak Sèvis ki okipe adopsyon ‘w lan, si ou gen youn kòm nou toujou fè yo konnen tout denye nouvel yo. Nou p’ap vrèman dekouraje ak paran yo pou yo ale an Ayiti pou kont yo.

Si ou ta vle mande on randevou pou triyaj pou on òfelen nan anbasad ameriken nan Pòtoprens, kontakte nou nan HaitianAdoption@dhs.gov. pou’w asire ‘w ke demand ou an fèt korèkteman, swiv  enstriksyon ki ekri anba a:

  1. Sou liy lan òdinatè an ki make “subject”, tape: “APPOINTMENT REQUEST”(DEMANN POU ON RANDEVOU) , siyati ou ak
          non òfelina a
  2. Lan kò e-mail an, asire’w ke’w mete
  • Non konplè ti moun ou an
  • Dat fèt ti moun ou an
  • Nenpòt ki enfòmasyon ke ou kwè ke nou dwe genyen osije de eta sante ti moun an (kankou si ti moun fè on maladi, li gen de bezwen bien detèmine, si li maladif)
  • Non ak adrès òfelina kote ti moun ou an ap viv lan
  • Moun pou yo kontakte nan òfelina a (swa Òzetazini oubyen an Ayiti )                                                                                                                      

Note byen ke lèy’ap bay randevou an yo ka mete ti moun ou an nan on pi gwo gwoup, donk lè nou ba’w on repons li ka non sèlman pou pitit ou an men li ka tou pou gwoup lan. Lè yo bay randevou pout tout ti moun ki kalifye yo ki nan on menm òfelina, ti moun yo ap plis an sekirite paske ya pwale nan anbasad lan ansanm, epi alafen, ya’p kite Ayiti an gwoup piske yo tout ap resevwa otorizasyon ansanm ak papye yo menm lè.

USCIS ap fè tout efò posib pou’l kontakte tout òfelina ayisyen ke yo konnen pou yo wè si yo ka ba yo randevou. Si ou konnen ke USCIS deja ap travay ak òfelina pa’w la, li pa nesesè pou’w mande on randevou byen ke ou gen dwa fè’l si’w vle.

Paran adoptif lan (yo) an Ayiti ak ti moun adopte nan (yo)

Si ou gen entènèt, souple, voye on e-mail bay HaitianAdoption@dhs.gov.Pou’w asire’w ke demand ou an fèt kòrèkteman, swiv enstriksyon ki ekri anba la:

  1. Sou liy lan òdinatè an ki make “subject”, tape: “URGENT-ADOPTIVE PARENT IN HAITI” (IJAN-PARAN ADOPTIF AN AYITI)
  2. Lan kò e-mail an, asire’w ke’w mete:
  • Non ou konplè
  • Adrès la kay ou
  • Non ti moun ou an
  • Dat fèt ti moun ou an
  •  Meyè fason pou  ke yo kontakte’w


Nou pwal fè kankou nou konnen pou nou reponn ou tou swit ak tout enfòmasyon sou ki lè pou’nale nan anbasad.  Si’w pran randevou ak nou pa entènèt, w’ap pi vit antre nan anbasad la epi tout bagay ou ap fèt byen vit.

Li trè z’enpòtan ke ou pote tout pyès adopsyon ke’w genyen, pyès idantite ak foto resan pitit ou an.

Si’w pa ka voye on e-mail an avans, ou gen dwa ale direkteman nan anbasad la ak pitit ou an epi fè gad yo konnen ke ou se on paran adoptif ak on òfelen ki bezwen on triyaj pou òfelen an nan branch USCIS lan. Byen ke yo avèti gad yo nan anbasad la, ke ka sā yo fòk yo mete yo jis devan nan liy nan, epi kite yo rantre anndan anbasad lan, li ka tre difisil pou’w antre sitou si nou pa konnen ke w’ap vini. Ou ka gen pou’w vini plizyè fwa oubyen tann anpil tan, selon enfòmasyon ke nou genyen disponib sou ka’w la. 

USCIS ap fè kankou’l konnen pou’l kontakte tout òfelina ayisyen ke yo konnen pou yo wè si yo ka ba yo randevou. Si ou konnen ke USCIS deja ap travay ak òfelina pa’w la, li pa nesesè pou’w mande on randevou byen ke ou gen dwa fè’l si’w vle.

Direkte Òfelina yo oubyen Lòt Moun k’ap Okipe Ti Moun ki Òfelen yo


Lè anbasad lan bay randevou alavans lan, se on premye pa pou fè pwosesis gwoup yo ale pi vit. Sa ap pèmèt yo fè triyaj pou tout ti moun ki kalifye nan on òfelina byen determine an menm tan, epi y’ap sèlman gen pou y’al on gren fwa nan anbasad lan pou yo ka idantifye yo fizikman. Pa eseye antre nan anbasad lan san ke ou pa chèche pran on randevou avan, paske yo pa’p kite antre.

 Si ou ta vle mande on randevou pou triyaj on òfelen nan anbasad ameriken nan Pòtoprens, kontakte nou nan HaitianAdoption@dhs.gov. pou’w asire ‘w ke demand ou fèt korèkteman, swiv 
enstriksyon ki ekri anba la:

  1. Sou liy lan òdinatè an ki make ‘subject’, tape: “ORPHANAGE SEEKING APPOINTMENT” (ÒFELINA K’AP CHÈCHE ON RANDEVOU)
  2. Lan kò e-mail an, asire’w ke’w mete:
  • Lis ti moun ke w’ap okipe yo ansanm ak dat fèt yo
  • Non paran adoptif ti moun yo
  • Enfòmasyon pou yo kontakte paran adoptif ti moun yo (adrès ak adrès entènèt yo)
  • Estati ka chak ti moun (kankou avan-IBESR, MOI, elatriye)
  • Enfòmasyon pou yo kontakte’w (nimewo telefòn, e-mail, pa entèmedyè on kontak Òzetazini, elatriye)

Si ou pa gen tout enfòmasyon ke yo mande’w anlè an, vini ak mezi ke ou kapab.

Lè USCIS reponn ou, se pou’l ba’w lè randevou an. Se sèlman direktè òfelina a oubyen  lòt granmoun ki responsab ki pou prezante yo lan premye randevou an. Pote tout pyès  ke’w ka jwenn sou adopsyon ak idantite chak ti moun ki pwal nan triyaj, ansanm ak foto si ou genyen.

Fòk yo wè ti moun yon an anbasad nan pou yo ka idantifye yo apre ke yo fin revize ka yo, epi avan ke yo bayo pyè ki pou pèmèt yo vwayaje. Se sèlman lè USCIS oubyen anbasad ameriken an mande pou nou mennen ti moun yo ou ka fè sa.


REMAK: Nou okouran ke gen de òfelina ki lwen anbasad ameriken nan Pòtoprens lan. kounyen an n’ap konsidere ki jan nou ta kapab fè pwosesis nan zòn ki lwen kapital an, epi on lòt lè nou pwal bay lòt enfòmasyon sou sa.

Pou plis enfòmasyon osijè de lòt fò ke USCIS ap fè pou’l ede ayisyen, silvouplè ale nan www.uscis.gov/haitianearthquake.





Last updated:01/29/2010