Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Chèche davans kote ou kapab mennen bèt kay ou lè genyen yon ijans nan kominote ou.

Moun Andikape ak Bezwen Espesyal

Pou moun ki Andikape yo:

  • Kreye yon rezo sipò pou bay èd nan yon ijans.
  • Fè moun sa yo konnen kote ou mete pwovizyon ou pou ijans.
  • Bay yon manm rezo sipò a yon kle lakay ou oswa apatman ou.
  • Kontakte biwo jesyon enfòmasyon sou ijans gouvènman vil oswa konte kote w ap viv la. Anpil biwo lokal genyen lis moun andikape pou yo kapab chèche yo byen vit nan yon ijans ki genyen sanzatann.
  • Mete etikèt oswa braslè alèt medikal pou ede idantifye andikap ou.
  • Si ou depannde dyaliz oswa si ou depannde lòt tretman ki sipòte lavi ou, konnen adrès ak disponibilite plis pase yon sant medikal.
  • Montre lòt moun kijan pou opere chèz woulant ou.
  • Konnen dimansyon ak gwosè chèz woulant ou, anplis pou konnen si li kapab oswa pa kapab pliye, sizoka yo dwe pote li.
  • Ankouraje peman elektwonik pou benefisyè benefis federal. Sonje yon katastwòf kapab deranje sèvis lapòs pandan anpil jou oswa menm pandan anpil semenn. Pou moun ki depannde kourye pou benefis Sekirite Sosyal yo, yon sitiyasyon difisil kapab vin pi grav si yo deplase oswa si yo pèdi sèvis kourye yo – tankou 85,000 benefisyè chèk yo te aprann apre Siklòn Katrina. Chanjman nan peman elektwonik se yon fason ki senp ak enpòtan moun kapab pwoteje tèt yo sou plan finansye anvan katastwòf frape. Li elimine tou risk pou yo vòlè chèk yo.

Depatman Trezò Etazini rekòmande de (2) mwayen ki pi pwoteje pou jwenn benefis federal yo:

  • Depo dirèk nan yon kont kouran oswa kont-depay se pi bon chwa pou moun ki genyen kont labank. Moun k ap resevwa benefis federal yo kapab anrejistre depi yo rele (800) 333-1795 oswa depi yo ale nan sit wèb www.GoDirect.org (nan lang Angle).
  • Kat debi Direct Express® ki peye davans deziyen kòm yon altènativ pwoteje ak fasil pou chèk papye pou moun ki pa genyen yon kont labank. Li fasil pou anrejistre – rele gratis nan (877) 212-9991 oswa anrejistre sou Entènèt nan www.USDirectExpress.com (nan lang Angle).

Anrejistreman pou depo dirèk oswa kat Direct Express se yon etap senp men enpòtan ki kapab pwoteje aksè fanmi ou nan lajan an sizoka bagay ki pa prevwa te dwe rive. Si oumenm oswa moun ki pwòch ou toujou ap resevwa benefis Sekirite Sosyal oswa lòt benefis federal nan chèk, tanpri anvizaje chanje nan youn nan chwa sa yo ki pi pwoteje ak pi fasil jodi a.

Pwovizyon Adisyonèl pou moun ki Enfim yo:

  • Preskripsyon medikaman, lis medikaman ansanm avèk dozaj, lis nenpòt alèji.
  • Linèt siplemantè ak pil pou pwotèz oditif.
  • Batri siplemantè pou chèz woulant, oksijèn.
  • Konsève yon lis estil ak nimewo seri aparèy medikal yo.
  • Kat asirans ak kat Medicare.
  • Lis doktè, manm fanmi oswa zanmi yo ta dwe fè konnen si ou gen pwoblèm.

Plis Enfòmasyon

Pou jwenn enfòmasyon ak zouti ki asosye ak preparasyon pou ijans pou moun andikape, al gade Konsèy Kouwòdinasyon Entè-Enstitisyon nan Sant Resous Preparasyon pou Ijans pou Moun Andikape (nan lang Angle)

Sonje yon katastwòf kapab deranje sèvis lapòs pandan anpil jou oswa menm pandan anpil semenn. Anvizaje fè depo dirèk depi ou rele liy èd gratis Go Direct nan nimewo (800) 333-1795 (nan lang Angle) oswa enskri non ou nan www.GoDirect.gov (nan lang Angle). Se Depatman Trezò Etazini ak Labank Rezèv Federal ki sipòte dokiman sa a. Chwa sa a ap asire ou resevwa peman sekirite sosyal ou ak peman SSI ou alè chak mwa.