Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Sonje pou montre pitit ou yo kijan ak kilè pou yo rele 9-1-1 oswa nimewo Sèvis Medikal Ijans Lokal pou yo mande èd.

Atik pou Bèt Kay

Preparasyon Bèt Kay ou pou Ijans Fè Sans.
Prepare ou Kounye a.

Si ou tankou anpil milyon pwopriyetè bèt kay nan peyi a, bèt kay ou se yon manm enpòtan kay ou. Chans pou oumenm ak bèt ou ap siviv nan yon ijans tankou yon dife oswa yon inondasyon, yon tònad oswa yon atak teworis depannde plan-dijans ou fè jodi a. Kèk nan bagay ou kapab fè pou prepare pou sa ou p atann, tankou rasanblaj twous pwovizyon bèt pou ijans ak devlopman yon sistèm youn ede lòt pou pran swen bèt kay, se menm bagay pou nenpòt ijans. Si ou deside pa bouje nan yon ijans oswa si ou deside deplase pou ale yon kote ki pi pwoteje, w ap bezwen fè plan yo davans pou bèt kay ou. Sonje sa ki pi bon pou ou anjeneral se sa ki pi bon pou bèt yo.

Si ou dwe deplase, pran bèt kay ou avèk ou si li posib. Men, si ou prale nan yon refij piblik, li enpòtan pou konprann yo pa aksepte bèt yo andedan refij yo. Planifye davans pou lòt posiblite refij k ap bon pou oumenm ak pou bèt kay ou.

Fè yon plan-dijans ranplasman sizoka ou pa kapab pran swen bèt kay ou yo poukont ou. Devlope yon sistèm youn ede lòt avèk vwazen, zanmi oswa manm fanmi ou pou asire yon moun disponib pou pran swen bèt kay ou oswa pou deplase avèk yo si ou pa anmezi pou fè sa. Prepare pou aji san preparasyon ak pou itilize sa ou genyen souplas pou debouye ou poukont ou pandan omwen twa (3) jou, pètèt pi lontan.

Preparasyon Bèt Kay ou Fè Sans. Prepare ou Kounye a.