Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Mande lekòl pitit ou yon kopi plan-dijans yo pou ou mete lakay ou oswa nan travay ou.

Jwenn Yon Twous

Ou kapab bezwen siviv poukont ou apre yon katastwòf. Sa vle di ou dwe genyen manje ou, dlo ou ak lòt pwovizyon nan kantite ki ase pou dire pou omwen twa (3) jou. Ofisyèl lokal yo ak travayè sekou yo ap sou sèn lan apre yon katastwòf, men yo pa kapab jwenn tout moun imedyatman. Ou ta kapab jwenn èd nan kèk èdtan, oswa sa ta kapab pran plizyè jou. Answit, sèvis debaz tankou kouran elektrik, gaz, dlo, tretman dlo ize, ak telefòn kapab koute pandan plizyè jou, oswa menm pandan yon semenn oswa plis.

Rekòmande Atik pou Ajoute nan yon Twous Pwovizyon Debaz pou Ijans:

  • Dlo, yon galon dlo pou chak moun pa jou pandan omwen twa jou, pou bwè ak pou esterilizasyon
  • Manje, omwen yon pwovizyon manje ki p ap gate pou twa (3) jou.
  • Radyo ki fonksyone ak pil oswa radyo ki fonksyone avèk manivèl ak yon Radyo Metewolojik NOAA ki genyen avètisman an tonalite ak pi siplemantè pou toulède
  • Flach ak pil siplemantè
  • Twous premye swen
  • Siflè pou siyale pou mande èd
  • Mask anti-pousyè, pou ede filtre lè kontamine ak bach an plastik ak adeziv an twal pou pran refij anplas
  • Lenjèt imid pou rense dwèt, sache fatra ak atach plastik pou ijyèn pèsonèl
  • Kle ajistab oswa pens pou fèmen sèvis piblik
  • Kle pou louvri bwat pou manje (si twous la genyen manje konsèv)
  • Kat jeyografik lokal
  • Telefòn selilè avèk chajè, ondilè (inverter) oswa chajè solè.

Lòt Atik pou Anvizaje Mete nan yon Twous Pwovizyon pou Ijans:

  • Medikaman sou preskripsyon ak linèt
  • Lèt an poud ak kouch pou tibebe
  • Manje bèt kay ak dlo siplemantè pou bèt kay ou
  • Dokiman enpòtan fanmi ou tankou kopi kontra asirans, dokiman idantifikasyon ak dosye kont labank nan yon resipyan ki enpèmeyab ak pòtatif
  • Lajan kach oswa chèk vwayaj ak lajan monnen
  • Dokiman referans pou ijans tankou yon liv premye sekou oswa enfòmasyon nan sit wèb www.ready.gov
  • Sak kouchaj oswa kouvreli tyèd pou chak moun. Anvizaje pote atik kouchaj anplis si w ap viv nan yon klima ki fè frèt.
  • Fè chanjman rad tankou yon chemiz manch long, pantalon long, ak soulye solid. Anvizaje pote rad anplis si w ap viv nan yon klima ki fè frèt.
  • Ajan klò pou kay ak gout medikaman – Lè klowòks fonn nan nèf pati dlo pou yon pati klowòks, li kapab itilize kòm yon dezenfektan. Oswa nan yon ijans, ou kapab itilize li pou trete dlo a avèk 16 gout klowòks likid pou kay pou chak galon dlo. Pa itilize klowòks ki gen odè, klowòks non-dekoloran oswa klowòks ki genyen ajan netwayaj ladan.
  • Ekstenktè
  • Alimèt nan resipyan ki enpèmeyab
  • Atik fanm ak atik pou ijyèn pèsonèl
  • Pòpòt, goblè an katon, asyèt ak istansil plastik, sèvyèt papye
  • Papye ak kreyon
  • Liv, jwèt, liv mo-kwaze oswa lòt aktivite pou timoun yo

Chèche konnen kijan pou pwoteje manje pandan ak apre yon ijans lè ou ale nan: http://www.foodsafety.gov/keep/emergency/index.html (nan lang Angle)