Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Asire ou fè egzèsis ak pratik deplasman lakay ou de (2) fwa pa ane.

Ameriken Aje

Chak moun genyen bezwen ak kapasite ki diferan, men chak moun kapab fè etap enpòtan pou prepare tout kalite ijans ak mete plan yo souplas. Lè ou evalye pwòp bezwen pèsonèl ou yo ak lè ou fè yon plan-dijans, ou kapab pi byen prepare pou nenpòt sitiyasyon. Yon angajman pou planifye jodi a ap ede ou prepare pou nenpòt sitiyasyon ijans. Preparasyon fè sans. Prepare ou kounye a.

  • Konsidere kijan yon katastwòf ta kapab afekte bezwen endividyèl ou yo.
  • Planifye pou debouye ou poukont ou, omwen pou yon peryòd tan. Li posib pou w pa jwenn aksè nan yon sant medikal oswa menm nan yon famasi.
  • Idantifye ki kalite resous ou itilize chak jou ak sa ou ta kapab fè si pa genyen ase oswa si yo pa disponib.
  • Jwenn yon twous pwovizyon pou ijans.
  • Si ou dwe deplase, pran bèt kay ou avèk ou si li posib. Men, si ou prale nan yon refij piblik, li enpòtan pou konprann yo pa aksepte bèt yo andedan refij yo.
  • Planifye davans pou lòt posiblite refij k ap bon pou oumenm ak pou bèt kay ou; konsidere moun oswa zanmi deyò zòn imedyat ou ki ta kapab vle ebèje ou ak bèt ou nan yon ijans.
  • Ankouraje peman elektwonik pou benefisyè benefis federal. Sonje yon katastwòf kapab deranje sèvis lapòs pandan anpil jou oswa menm pandan anpil semenn. Pou moun ki depannde kourye pou benefis Sekirite Sosyal yo, yon sitiyasyon difisil kapab vin pi grav si yo deplase oswa si yo pèdi sèvis kourye yo – tankou 85,000 benefisyè chèk yo te aprann apre Siklòn Katrina. Chanjman nan peman elektwonik se yon fason ki senp ak enpòtan moun kapab pwoteje tèt yo sou plan finansye anvan katastwòf frape. Li elimine tou risk pou yo vòlè chèk yo.
    Depatman Trezò Etazini rekòmande de (2) mwayen ki pi pwoteje pou jwenn benefis federal yo:

    • Depo dirèk nan yon kont kouran oswa kont-depay se pi bon chwa pou moun ki genyen kont labank. Moun k ap resevwa benefis federal yo kapab anrejistre depi yo rele (800) 333-1795 oswa depi yo ale nan sit wèb www.GoDirect.org (nan lang Angle).
    • Kat debi Direct Express® ki peye davans deziyen kòm yon altènativ pwoteje ak fasil pou chèk papye pou moun ki pa genyen yon kont labank. Li fasil pou anrejistre – rele gratis nan (877) 212-9991 oswa anrejistre sou Entènèt nan www.USDirectExpress.com (nan lang Angle).

    Anrejistreman pou depo dirèk oswa kat Direct Express® se yon etap senp men enpòtan ki kapab pwoteje aksè fanmi ou nan lajan an sizoka bagay ki pa prevwa te dwe rive. Si oumenm oswa moun ki pwòch ou toujou ap resevwa benefis Sekirite Sosyal oswa lòt benefis federal nan chèk, tanpri anvizaje chanje nan youn nan chwa sa yo ki pi pwoteje ak pi fasil jodi a.

Kreye yon Rezo Sipò

  • Si ou prevwa w ap bezwen asistans pandan yon katastwòf, pale avèk fanmi ou, zanmi ou oswa lòt moun k ap patisipe nan rezo sipò pèsonèl ou.
  • Note ak pataje chak aspè plan-dijans ou avèk tout moun ki nan rezo sipò ou.
  • Asire tout moun konnen kijan ou planifye pou kite kay ou oswa espas travay ou ak kote ou prale sizoka gen yon katastwòf.
  • Asire yon moun ki nan rezo lokal ou genyen yon kle siplemantè nan kay ou epitou asire moun lan konnen kote ou kite pwovizyon ijans ou.
  • Montre moun k ap ede ou kijan pou itilize nenpòt ekipman sovtaj, kijan pou administre medikaman sizoka gen yon ijans.
  • Fè pratik plan ou avèk moun ki te dakò pou patisipe nan rezo ou.

Materyèl Adisyonèl ak Dokiman:

Medikaman ak Apwovizyònman Medikal

Si w ap pran medikaman oswa si w ap swiv yon tretman medikal chak jou, asire ou genyen sa ou bezwen pou debouye ou poukont ou omwen pou yon semenn, pètèt pi lontan.

  • Fè yon lis medikaman sou preskripsyon ansanm avèk enfòmasyon sou dozaj, tretman ak alèji.
  • Pale avèk famasyen ou oswa doktè ou osijè lòt bagay ou bezwen prepare.
  • Si w ap swiv tretman woutin yon klinik oswa yon lopital administre, oswa si w ap resevwa sèvis regilye tankou swen sante nan kay, tretman oswa transpò, pale avèk founisè swen sèvis ou osijè plan-dijans yo. Travay avèk yo pou idantifye founisè sèvis ranplasman epi mete yo nan rezo sipò pèsonèl ou.
  • Konsidere lòt bezwen pèsonèl ou tankou linèt, pwotèz oditif ak batri pwotèz oditif, batri chèz woulant, ak oksijèn.

Dokiman Ijans

Mete kopi dokiman enpòtan yo nan twous pwovizyon ijans ou tankou dosye fanmi ou, dosye medikal, testaman, papye kay, nimewo sekirite sosyal, enfòmasyon sou frè ak kont labank ak dosye taks.

  • Mete kopi asirans sante ou ak kat Medicare ou disponib fasil pou jwenn.
  • Konsève yon lis estil ak nimewo seri aparèy medikal yo oswa lòt aparèy sipò lavi. Ajoute enfòmasyon ak enstriksyon sou fonksyònman yo.
  • Asire yon zanmi oswa yon manm fanmi genyen kopi dokiman sa yo.
  • Ajoute non ak enfòmasyon pou kontakte rezo sipò ou, ak founisè swen medikal ou yo tou.
  • Si ou genyen yon andikap pou kominike, asire lis enfòmasyon ijans ou endike pi bon fason pou yo kominike avèk ou.
  • Kite dokiman sa yo nan yon bwat enpèmeyab pou kapab jwenn aksè ladan vit ak fasil.

Plis Enfòmasyon

Pou jwenn plis enfòmasyon, al gade Preparasyon nan Katastwòf pou Moun Andikape Adobe Acrobat Reader Nesesè nan FEMA (nan lang Angle), ak nan sit wèb Red Cross (nan lang Angle).